Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
KafouMag
KafouMag
Publicité
Archives
1 avril 2019

Inema Jeudi ap nan Festival liv kafou

Nan komin Kafou, sòti 16 Avril pou bout 1e Me 2019, Wonn Lekti ak Ekriti Repérage ap òganize Festival Liv Kafou. Inema Jeudi ap la!

IMG-20190328-WA0010

Jeudinema  se non vanyan ekriven-powèt Inema Jeudi ki fèt nan vil Jakmèl jou ki te 5 Dawout lane  1981 an. Jounalis seksyon kiltirèl televizyon nasyonal peyi Dayiti, Inema etidye Dwa, anplis li  se anplwaye C3 edisyon.
Nan zèv li, Powèt Jeudinema  totòt mo yo jouk li jwenn bon jan  nekta ki tounen lank. Lank k ap denonse move sisitasyon k ap brase bil  sosyete a.
M ap chache  yon peyi nan zantray 
Lonbray mwen 
[...]
Yon peyi san bouki san malis
Kote libète pa antòche
Gouyad legede, paj 21
Rèv ak refleksyon otè  a pwomenen sou yon makòn lòt  tematik. Chak grenn powèm li  se yon bay kou bliye pote mak sonje. Lektè a ka bliye ki jou l te li  men  kanta sa se sa, powèm nan ap kite mak li  sou kè l wè pa wè.
Ki moun ki ka li epi  pa pote mak ti pwezi a pandan tout lavi l
Loray s on kolonn bri  fele
M te kwaze nan manifestasyon 
Prèt pou trepase
Se pa alsiyis ki dènye nòt mizik
S on silans 
Mwen avè  w te fè
San powèm pou Castera youn pou Danbala, paj 52
Inema Jeudi, ekri plizyè liv ( Le Jeu d'Inema, Le temps des cerises, Gouyad Legede, Archelle, le poème de ton sein gauche, Krèy Bòbèch, San powèm pou Castera youn pou Dambala) epi  li  kontribye nan reyisit plizyè revi ( Do-kre-i-s, Demanbre ak lòt  ankò). Imema ap san pou san chè  san pou san zo nan Festival liv kafou.
Gabynho
leblancblondy@gmail.com
Publicité
Publicité
Commentaires
Publicité